Layer 2
Interview - Ti-Coca

Click Here to go back.
VOA, Interview - Ti-Coca >>

19.09.2012 “Center Stage”, yon inisyativ diplomatik Biwo afè edikasyonèl e kiltirèl depatman deta ameriken envite gwoup twoubadou ayisyen “Ti-Coca Wanga-nègès” nan yon virewon Ozetazini. Virewon sa a dwe mennen yo nan plizyè vil sou 2 kòt tèritwa ameriken an.

Objektif toune sa a se fè kominote ameriken yo pran kontak ak atis e ak kilti lòt peyi atravè lemond, pami yo Ayiti. Depatman Deta rele pwogram sa a “diplomasi kiltirèl louvri baryè”.

Madi 18 septanm nan, gwoup ayisyen an, te sou podyòm Center Stage Kennedy Center a, isit Washington DC, pou fè tande kèk mòso nan rich repètwa li a.

Genyen 5 mizisyen: David Metellus, alias Ti Coca, Belony Denis, Richard Hector, Wilfrid Bolane, Mathieu Chertoute fè publik la viv kèk bon moman yo pa pre pou bliye. Manb gwoup-la eksprime rekonesan yo pou tout moun ki te mete men pou ede mizisyen li yo patisipe nan pwogram Depatman Deta a.

Gras a pwogram depatman deta a, pandan yon mwa, Ti Coca-Wanga Nègès pral bay pèfòmans nan anpil vil Ozetazini, tankou nan Albuquerque nan Nouvo Meksik, Denver (nan Kolorado) Iowa City, Pella ak Grinnelle ( Iowa) ak Richmond nan Eta Virgini.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute Nouvèl sou Vedèt yo.

 10/03/12 >> go there
Click Here to go back.